This site will look much better in a browser that supports web standards, but it is accessible to any browser or Internet device.


For Information on the Florida Bar Lawyer Referral Service's Regular or Low Fee Panel click:
http://www.flabar.org
Click on Consumer Services on the left, then click on Lawyer Referral.
MOUN NOU EDE
Legal Services of Greater Miami, Inc. ede moun Konte Miami-Dade ak Konte Monroe ki nan yon kay kote yo touche pi piti pase limit 125% póvrete gouvènman federal la fikse a. Nou pa chaje lajan pou sèvis legal nou yo.

KA NOU JERE

Legal Services of Greater Miami, Inc. jere yonvaryete ka sivil ki legal.

Ekzanp nan ka nou jere yo gen ladan yo:

Travay ak Sekirite Ekonomik
  • Benefis Gouvènman
  • Fómasyon pou travay ak koze pwogram travay
  • Ed pou óganizasyon kap kreye travay
  • Pwoblèm taks ak IRS (kontribisyon)
  • Pwoblèm ki gen rapó ak moun ki soti sou kont leta ki vin jwenn travay
Sipó nan koze Fanmi
  • Edikasyon espesyal pou elèv ki enfim
  • Aksè a pwogram epesyalize nan lekól piblik yo
  • Reskonsab yon timoun ki nan fanmi w
  • Nan konte Monroe sèlman, ka divós kote gen abit kont mari/madanm oswa lè gen diskisyon konsènan kilès kap gade timoun nan
  • Nan Konte Monroe sèlman, ka adopsyon ki pa gen diskisyon
Kay
  • Koze kay piblik ak kay gouvènman an finanse
  • Prezè ve kay piblik gouvènman an finanse yo
  • Zafè ant mèt kay prive ak lokatè lè mèt kay la fè yon bagay ilegal tankou, koupe dlo, kouran oswa chanje seri san l pa fè w konnen, move kondisyon, ak revanch
  • Pwoblèm kay ki sou non w tankou lé yo mete sezi sou kay ou ak lè gen magouy pou yo pran kay ou nan men w
  • Pwoblèm lè y ap demenaje w
  • Pwoblèm ak kay mobil yo
  • Aksè a limyè, dlo, gaz, etc...
  • Éd pou óganizasyon ki nan Zafè devlope, prezè ve ak ranje kay moun kap abite
Sekrite, Estabilite ak Sante
  • Vyolans andedan yon fanmi ak kalite pwoblèm sa yo ke fanm Ayisyen yo rankontre
  • Pwoblèm benefis Mediked
  • Pwoblèm HMO ak moun ki gen Mediked
  • Aksè a sèvis sante
Pwoteje Gwoup Moun ki Frajil Yo

Nou ofri lót sèvis sa yo a gwoup moun ki nan kategori espesyal sa yo:
  • Kliyan ki Teste Pozitif pou SIDA
  • Planifikasyon an Pèmanans
  • Aranjman pou jwenn yon gadyen pou timoun yo
  • Ka Diskriminasyon
  • Zafè ant mèt kay prive ak lokatè ansanm ak pwoblèm ak kay ou
  • Pwoblèm konsomatè
Moun Ki Pa Gen Kote Pou Yo Dómi
  • Sèvis pou ede yo jwenn kay ak ede yo rete nan kay la
  • Benefis Gouvènman
  • Edikasyon pitit moun ki pa gen kote pou yo dómi
  • Pwoblèm konsomatè
LOT SEVIS
  • Rele biwo nou pou plis enfómasyon konsnan lót sèvis ak pwogram nou ofri tankou:
  • Edikasyon kominotè
  • Ti chita tande sou koze legal
  • Enfómasyon pou avoka prive ki pap chaje lajan
  • Kolaborasyon ajans ak ajans
JAN POU W VIN YON KLIYAN

Gen anpil mwayen ou kap vin yon kliyan LSGMI:

1. Rele Biwo Pwensipal la, biwo Key West la oswa Biwo South Dade la. Sinon, n ap mande w pou w vin dirèkteman nan biwo a oumenm.

2. Ou kap jis ale nan Biwo Prensipal la, biwo Key West la oswa biwo South Dade la. Pou anpil ka, moun ki de sèvis la kapab ede w menm jou a. Sinon, y ap ba w yon randevou pou yon lót jou.

3. Ou kap jis ale nan yon biwo ki tou pre w. Pandan ou nan biwo a, yo kap ba w konsè y oubyen yo kap refere w yon ló t kote oubyen ou kap pale nan telefón ak yon moun ki nan biwo Prensipal la konsènan pwoblèm ou. Si pa gen moun diskonib pou pale avè w, y ap rele w ankó nan 24 è .

4. Si w enfim epi ou ta bezwen nou akomode w pou w kap gen aksè a sèvis nou, tanpri rele nou.